Nan ti koze sou Lwa yo
Kisa Lwa MARASA yo ye?
Koze saa, se gwo koze wi
Toujou pran ti chèz ba ou.
MARASA yo
Lwa MARASA Ki soti nan DAHO ki vi'n rele
Dawonmen ki vi'n ankò Dahomey kise actuel Benin
(LIEUX ) Lye sakre sa yo ki te dirije sou zòd WA
(Roi) yo, (la Citée Dahonméenne) ki se ansanm teritwa
ki sou kont Wayòm ki pote non sa yo.
Tankou TOGO, BENIN, kise ansyen Dawonmen✍️
Ilé- Ifé kise actuel Nigeria
San konte la (Citée secrète) yo rele (Anba Bila) de
Tao-O-Bawo, ou Do-O-Bao siti (City).
Se tout ansanm koze sa yo
(L'église Catholique ) Legliz Katolik rive nan (terre promise la) kise Afrik, Tè ki
baze sou prensip Espirityèl Lwa yo, ki te fè le mond yon kote trè vivab, jodya
men ki kote move rezilta yo mennen nou, aprè blan yo fi'n lage RELIJYON nan
kòtòf lestomak nou, ki vi'n fè mond la envivab epi dezimanize nou, mete WA nou
yo pa la FÒS, epi mete yo tout nan esklavaj.
Depi lè sa yo volè, yo vyòle, ak fè piyaj sou tout sa yo jwenn sou pasaj yo.

– Page 2 –

Men, fò'm presize pou nou, se nan Konsèp Daho a nou pra'l jwenn anpil mo
na'p tande nan anpil expresyon ak pawol ki nan chante vodou yo, ki se devwa
zansèt yo nan Lang Fong-Bé ki soti nan
"Yewè" a, ki se Dje a, ou Gad la, kise sa la
relijyon ak kolon yo pote ba nou comme (Bon
Dieu) nan ciel.
Se laa ankò ou jwenn Lwa Dossa ou, ou
jwenn Nago ou, etc.
En Yoruba ou jwenn Edo ak Ibo.
Ki vi'n enfliyense vodou Aytien an ki soti
dirèkteman nan vodou "Mayi" a.
Ki chita kò li nan SAVALOU ki se yon
anbriyon ki pren nesans nan rejyon Nò ki nan
Etni Bari-Bâ ak Etni Dossa.
Se laa ou pra'l jwenn lè ou pra'l Rele Lwa yo

 

ki chita sou 4 disiplin ki baze sou yon sèl Lwa
ki chapante sou 4 prensip tankou:
1- Mèt Gran- Chimen
2- Mèt Ati-Bon Ikon Leg-Bâ
3- Mèt Kalfou
4- Tout MARASA yo.

Sonje m'di nou rete là sou swaf nou sou Radio ��Aïbo Nibo.
Ak Prof Historien Pluviose ✍️