Search in the website:

Your cart

Your cart is currently empty.

Return to shop

April 22, 2017

Vodou blayi kò li sou 4 Eleman

Event info

Date: April 22, 2017
Address: Fallon
Phone: +00 000 0000
Website: https://radioaibonibo.com
Event: #

Vodou blayi kò li sou 4 Eleman
4 Eleman sa yo se:
1- L’ è/ Air
2- Dlo
3- Tè
4- Fe

Vodou chita sou “Teogoni”
Kòm matris ki idantifye Vodou a nan
etid li yo pou yo kapab konnen ak konprann kisa
VODOU a ye, sou tout longè gwo Teknoloji san parèy saa.
Vodou baz li se espirityalité
Ki pra’l pote dèyè li LIMYÈ ki rele “Syans”.
Syans saa se li ki rele fâ Divinatwa
Ki pra’l fè nou konprann kisa vodou a ye vrèman,
laaa nou pra’l jwenn kozri ki rele Jeomannsi ki baze sou Teogoni.
Teogoni an se etid ki fèw konnen ki reyalite
ki genyen nan z’afè Bon Dje ou bon Dieu yo fè nou kwè a.
Vodou soti nan anpil kote nan kontinan Afriken an
selon tradisyon imen.
Lè nou fi’n ede lòt sosyete yo konnen kisa vodou ye
Ewopeen yo vini ak koze lafwa ki chita sou Teoloji,
Epi ki baze sou yon pwofèt ki rele Jezi.
V Odou ou V Odoun

Men fòm presize pou lektè nou yo…………………………..
Ewopeen yo pra’l pirate ☠ gwo vodou nan Anpi “Empir” Afriken yo
Empir Marofée kise Ampir des noirs ak
Empir Oyo, Empir de Yoruba ki pra’l pouse sou
lobedjans sivilizasyon de la Grèce vire gwo Zam yo
Epi dispèse tout Etni Afriken yo
epi kraze bibliotèx Afriken yo
ratibwaze tout sa yo jwenn sou pasaj yo
depi sou dokiman rive sou moun ak bèt nan bwa
Paske se LAFRIK ki t’a pra’l moutre anpil lòt sosyete existans Bon-Djé
Se Syans sa yo ki pra’l pote LIMYÈ bay lòt pèp sou existans Bon Dje.
Théogonie /ou Teogoni an.
Li pra’l pote yon Syans ki rele
🌹Awouana 🎕ki pra’l ankò vi’n yon LIMYÈ
ki pra’l vi’n bay NESANS a “ANAKOUDOU”
se Anakoudou a ki vi’n rele MAWOU ak Lissa
koze saa se nan Peyi Dawonmen ou Dahomey ki se aktyèl Benin
se menm koze saa Chretien yo pra’l rele Adam et Ève la
ki se z’afè pa nou yo re-envante epi re-vann li sou plizyè lòt figi😔
Jodya siw pa konn kotew soti!!!
Ou pa’p janm konn kotew prale
MAWOU ak Lissa pra’l vi’n tounen
la nuit et le jour ou le jour et la nuit versi versa.
Ki se La L’une et Soleil.
Se laa yo pra’l soti sou non ki rele “Jimo”
yo pra’l pran NESANS par la puissance divine yo
Né de “MAROFÉE” kise yon manifestasyon reyèl
san yo pa’t madanm ak mouche
men yo pra’l an kontak d’energie spirituelle.

Mission mete moun sou TÈ a se te misyon Mèt Agawou
Ki vini sou fòm yon gwo KOULÈV ou “Serpent 🐍”
Ki pra’l ponn yon Zé “œuf”
Se ze saa ki pra’l eklate an miyèt mòso
epi chak mòso sa yo pra’l vi’n devni yon “èt” ou “être”diferan.
Yo pra’l jwenn 21 Nanchon
Nan 21 Nanchon sa yo ki pra’l vi’n mete tèt yo ansanm
pou yo dirije Wayòm manman ak papa yo
ki te sou Tè a avan yo ki pra’l syeje “L’an Ginen”
Kote Lwa yo rete
Moun sa yo te rele Lwa sou Tè a.
Yo te dirije pandan 14 Jenerasyon epi yo te govène le mond antye
Nou menm jodya ki pa’t gen dimansyon moun sila yo
Nou pa’t menm k’a konnen si dèyè moun gen mòn
Ak si dèyè lanmè a te gen lòt pèp.
Na’p edew konnen ak konprann kèk pèp ki te là MAWOU AK LISSA te kite,
Tankou:
Sakpatha
Yèvosso
Ayida
Wèda
Sila yo te pami les grandes divinitèes du Vodoun.
Ça c’est du cotée Dahomey.
Du cotée de Empir de Yoruba
Wa’p jwenn le Grand Dje Olodoumaré ki se Dieu Créateur a
Ki pra’l devni Olorum
Men sa ki fè Vodou chita sou 4 elements (Eleman)